« Tankou mwen di l deja, travay Akademi an anpil. Fòk nou tout pote kole pou nou rive fikse lang kreyòl la pou li reponn ak tout sitiyasyon syantifik, literè ak atistik nan tout nivo; devlope yon bon jan politik lengwistik. Pa egzanp travay sou tèminoloji diferan domèn tankou lajistis, lasante… », se objektif sa menm Dominique Barthelemy, pwofesè lang kreyòl nan plizyè lekòl nan depatman Nò a bay tèt li.
Ak 54 rekòt kafe, Dominique Barthelemy, pitit gason komin Limonad, jire poul defann jiskobou lang zansèt li yo. Li pwofite fè konne