Jacques PIERRE
Manno Charlemagne (14 avril 1948 - 10 desanm 2017)
Yon gita, yon vwa
yon chante, yon verite
yon melodi, yon pwezi
yon angajman, yon militan
yon konsyans, yon alyans
yon mizik, yon kritik
yon batay, yon tray
yon maladi, yon trajedi
Nouvèl lanmò Manno Charlemagne lage sektè mizik la nan yon gwo lapèn. Chak moun ki te pre Manno ap repase nan memwa yo moman difisil ak moman bon zanmitay yo te viv ak li. Pou tout konpatriyòt nou yo, se mizik li, vwa li ak pawòl