Ou pa f… wè m an pàn

M ap monte sou Boudon an, anbouteyaj la myèl.

M ap monte sou Boudon an, anbouteyaj la myèl. Oto pa monte, oto pa desann. Solèy la cho. Machin ap balanse sou plas. Chofè ap fè lagè klaksòn. M desan machin lan al gade sa ki lakòz kalite anbouteyaj sila a. Mwen di siman se on aksidan. Swete pa gen lanmò. Moun dwe mouri lakay yo, pa nan mitan lari kouwè chen k pa gen mèt. Lè m vanse m wè se on machin k an pàn. Malè pa mal, sa ka rive tout moun. Kòm m ou ti jan konn mekanik, m al pou m pote kontribisyon m. Lè m gade m wè de jenn gason ki panche anba machin nan, de gwo wòch kore machin lan,

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous