1. Nou menm Evèk katolik nan Legliz la an Ayiti, ki reyini pou 120èm asanble (plenyè) òdinè nan Lilavwa, Kwadèboukè, nou vle montre kijan nou solidè, kijan nou fè youn ak pèp Ayisyen-an nan yon moman ki difisil anpil men se yon moman pou l deside nan listwa l.
2. Solidarite nou ak pèp Ayisyen-an, epi fè nou fè youn ak li a, oblije nou di yon mo sou kalite chire pit ak tèt chaje rezilta eleksyon 25 oktòb yo pote.
3. Eleksyon sa yo nou tout tap tann nan te sipoze pote solisyon nan kriz kap boulvèse peyi-a. Poutan Komisyon Jistis ak Lapè Konfera