Yon liv ki fenk parèt

SHADA: ISTWA YON KOKENN CHENN MANTI

Liv sa ki gen 72 paj, se yon ranmase nan lang kreyòl, istwa konpayi ki te tabli nan peyi a yo te rele SHADA (Sosyete ayisyen ak ameriken pou devlope agrikilti nan peyi d'Ayiti). Liv la rakonte jan yo kreye SHADA nan mwa jiyè 1941, epi sa l t ap regle sòti 1941 pou rive 1944, nan epòk Dezyèm Gè mondyal.

Myrtha Gilbert                              
Avril 2013
Par Myrtha Gilbert Avril 2013
15 mai 2013 | Lecture : 1 min.
Se sou gouvènman Elie Lescot SHADA jwenn nan men Leta ayisyen yon kontra ki mete pi fò resous peyi a anba kontwòl li. Kit se tè ki pi fètil peyi a, kit se gwo lajan Leta prete nan bank meriken, kit se yon seri enstitisyon tankou ministè Agrikilti, ministè Lajistis, lame D'Ayiti, san konte pil ak pakèt peyizan ki oblije travay pou konpayi a nan move kondisyon. Liv la montre aklè, jan yo t ap mete peyizan deyò sou tè yo ak jan yo te sakaje jaden ak lòt gwo fèm agrikòl; epitou, jan SHADA t ap piye Forè dè pen, mòn Lasèl ak Plato santral. Liv

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous