Ayibobo pou Michaëlle Craan

Gen non ki sonnen fò Gen non ki pote mak listwa Non ki bay defi bliye l Se yon non ki mare ak listwa yon peyi Mikayèl Kràn Youn nan non ki kouvri kò vil Jakmèl ak vwal li Nanm li fè yon sèl ak yon vil li pa t janm vle kite Nanm li fè yon sèl ak souf van k ap karese jip lakòt bagèt Mikayèl  depi lè l tonbe nan tè bò isit Se yon siwo ki sikre kè tout gason vanyan Byen banda li travèse tout lizyè Li janbe tout lantouray Tout bèt nan bwa vin kouche kote l te woule do l Lanmou fanm sa a pou Jakmèl pa gen limit Toupatou nan tout gran salon, kay Mizelya ou mouche Lewa Nan tout gwo lobedyans ou ribanbèl jou bare Li toujou kwoke drapo “Sousoum kòda” byen wo Mikayèl Kràn se youn nan pi gwo pye mapou lakou a Nou rele l Manman Jakmèl Paske li pale kreyòl zile a, li bwòdè kou pan Jantiyès, afeksyon, lanmou se sèl kwa li pote Yon pil santiman ki fè n souri menm nan pi move jou yo ManMik lè l kwaze w, se yon sous dlo k ap kannale desann K ap woule kò l nan yon mòn ki koube do l pou l ka glise doudous Tout non ki pase anba siwolin li mande padon Yo fè jakopyevèt Pete pòt kay Pran lari gran jounen, met ajenou, kriye, lè kreyòl la sou fè dyougan Jakmèl di Ayibobo pou ou ManMik Eske w sonje jou ou menm avè l te rankontre? Eske w sonje ki premye mo ou te di l? Eske w te kwè lanmou w pou li T ap fè nich tankou koutbwa ki pa vle dekole? Eske w te konnen lanmou w pou li se te pou letènite? Tan pase, ane pase, solèy chanje po Lavi vire bout, lalin chanje katye Men lanmou w pou li pa janm fane Relasyon nou pa janm gen miwo-miba Li pa janm mipya Depi l angaje li vin sifle non w nan toupòt Avè l se yon lanmou nèt ale Pafwa lè syèl la nwè kou lank Ou ekri pwezi ak limyè chandèl pou w klere chimen l Devan fòs lanmou sa a, Romeo ak Jilyèt se jwèt Nou pa janm fin damou Tèt li kite mak li sou zepòl ou Li fonn anndan w, nan sant pafen w Tout plim nan kò w konn gou swe l Ala yon lanmou sa a … Vire-tounen nou pran damou kèkal nan yon ti kwen kache Tankou Adam ak Èv nou lage ak tout boulin Chak gout swe kò nou kont pou fè flè boujonnen Jakmèl ap di w mèsi pou figi l ou te pentire chak jou Pou l ka toujou ret souri Jakmèl mande w padon Diran tout vi w ou te chef pwèl li  E menm lè l t ap pèdi fèy, ou te ret kole la kou mòpyon Lè move solda, move lawon te vle etenn souf li Li te toujou konte sou kouray ou pou w pote l sekou Pou li ou pran kòd, ou mawon Jenerasyon alèkile dwe kopye sou ou Pou yo ka vin konn plis sou vil sa a ki te chè pou ou Pou konbit la kontinye Pou yo akòde kè yo ak tè a menm si plapye yo blese Pou ou vil sa a, Jakmèl, te toujou yon ti lapli k ap jwe melodi sou do tòl ou Yon bri yon fanm k ap bay lavi sou kabann lopital Ou met moun sou de ran lè enterè l menase Moun tout peyi met tèt atè e yo ouvè tout wout depi yo wè van w ap pase Pou Jakmèl, ou pouse kòn Ou tounen yon towo Ou tounen kapitèn Ou tounen jeneral Yon konbatan Ou leve van nan tout plèn Ou pete rèl ki rive jouk sou fwontyè Pwezi w se yon konprès pou kalme maladi l Ou te siyen kontra douvan lwa tout kalfou pou w pa t ret bèbè lè l antrave Lè lavi l menase e ou pa t pot wòb ou pou bèl twèl Fanm vanyan, kite m bo pye w Kite m imòtalize w nan pye Senjak Prete m nechèl ou a pou m depoze kò w nan pye Lavyèy Prete m lanbi w la pou w konnen rasanbleman Montre m kote w met mak pye w pou m reveye nanm vil la Banm pèmisyon pou m fè pitit site a reprann jarèt Pou n ka mennen lit la jiskaske n kriye viktwa Jounen jodi a n ap di w nou rekonesan pou travay ou Kite n trese pou ou yon boukeflè ak imaj ou kalke ladan l Nou pa jwenn mo pou n di w kijan lanmou nou pou ou rive lwen Kijan lanmou n pou ou pete plafon Depi se kanaval, vwa w frape tout pòt palè, Tout ministè pou w jwe Ochan pou vil ou Ou met rad kako w sou ou pou w al defann atizan, Atis ak tout aktè kanaval Jakmèl Bravo pou ou, tout moun sa yo di w mèsi: Ayibobo! Tout minis, tout prezidan pase anba woulo w Jakmèl tèlman anba po w, yo ba w pot non l Manman Jakmèl ManMik Yon sèl manman pou yon kolòn pitit ManMik toujou gen yon ti zen l ap kase nan zòrèy ou Li toujou gen yon dra sal l ap lave ankachèt ManMik toujou gen yon ti pawòl dous pou l di w Ti pawòl ki fè zye w fèmen san l pa manyen w Se kòmsi Letènèl te fè l ak yon sak sik nan bouch li Tout Jakmèlyen tribòbabò di Bondye MÈSI Dèske l te mete w sou chimen yo Ou ouvè tout pòt, drapo vèt e blan w anbabra w Kilti nou pran rasin Richès li met lemonn ajenou Gras a ou, gras a non w Bèl fanm, nan ki bout kay ou te kale? Nan ki vant ou te sòti? Pouki se la ou te tonbe? Pouki tout lanmou sa a? Pouki tout lòv sa a? Nou pa t merite tout sa non! Pafwa nou mande poukisa ou te oblije bliye tèt ou Bliye wout kay ou pou w te ka pot kichòy nan lakou a Tou piti m leve m jwenn y ap site non w, onore w M te toujou ap mande grandèt yo kiyès fanm sa a y ap louwe a Kesyon m yo vin jwenn repons se lè m te kòmanse sot nan tè Lè m te kòmanse kale je m sou koze site a E m te vin dekouvri yon fenomèn, Yon fanm nou ka pa janm jwenn nan legzistans nou ankò Lanmou w pou vil Michlè Divè a te janbe fwontyè Li te travèse lantouray Ou te blese nan fil fè Pikan te pike w Larivyè te bwote w Men ou pa t janm fatige Ou pa t janm mòde-lage Ou pa t janm plenyen Jounen Jodia gras ak jèfò w Non w enskri ak lèt an lò nan liv lavi nou Ou plis pase yon patrimwàn, Tout tizwazo nan syèl gen pou ekri non w Douvan pòt chak vil sou latè Tout zanj nan syèl Gen pou sonnen twonpèt la pou latè ka koube tèt fè wout pou nanm ou monte jwenn nèg ak bab la Jodia ou sevre n Nou fè dan Nou ka mòde Misyon w fini Laj pou n pyafe pran n rakou Kounya ou kite n bay lavi Pou n rakonte ak sila ki pa t la zèv ou te fè sou latè Kounya m pral site non w Panse avè w chak lè Chak minit Chak segonn Mapou lakou a tonbe Tout kanton an tonbe fasba Rèl anvayi tout ti wout Nan tout koridò se vant kòde Men avan w te ale ou te gentan montre n chimen Ou te gentan ba nou sekrè a Nan zòrèy chak pitit ou yo ou te soufle pawòl la Men pouki w ale? Nou te gentan finn abitye Ou te gate nou twòp Pou ou tout bann madigra ap vin jwe yon dènye wonn Y ap vin fè yon dènye seyans Mwen konnen w ap dakò Kounya w al kanpe lwen W al suiv tyovi w yo ki pral goumen Pou yo dezantòtye tèt yo nan wout pikan ManMik ou poko ka ale non! Nou gen twòp pawòl pou n pale Nou gen anpil bagay pou n regle Tounen vin fè m zyedou Vin blayi yon twoubadou avè m anba tonèl Remon Vin fè m pyafe, danse sou yon sèl pye Doulè sa a m p ap ka makiye l M p ap ka kache l non! Antouka Papa, ba nou fòs ak kouray pou n ka sipòte Paske se ou ki bay fanm nan libète l .

Emerson Vilbrun
Par Emerson Vilbrun
10 juil. 2020 | Lecture : 8 min.

Gen non ki sonnen fò

Gen non ki pote mak listwa

Non ki bay defi bliye l

Se yon non ki mare ak listwa yon peyi

Mikayèl Kràn

Youn nan non ki kouvri kò vil Jakmèl ak vwal li

Nanm li fè yon sèl ak yon vil li pa t janm vle kite

Nanm li fè yon sèl ak souf van k ap karese jip lakòt bagèt

Mikayèl  depi lè l tonbe nan tè bò isit

Se yon siwo ki sikre kè tout gason vanyan

Byen banda li travèse tout lizyè

Li janbe tout lantouray

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.