Confinement : et si les jeunes en parlaient ?

Panik

Mitelson Maccéan, 18 an, se yon atis ki frekante Pyepoudre lokal kote Paula Clermont Péan fòme pepinyè atis pou teyat nan Pòtoprens. Pou Mitelson rive ekri, li enskri tèt li nan klèb Jeunes Auteurs Haïtiens (JAH) ki fonksyone nan lokal Pyepoudre sou wout Boudon. JAH ki ankadre jèn nan zafè ekri ap mache sou direksyon Valérie Payen Jean Baptiste ki jwenn asistans David Jean-Louis. Se nan mache fè eksperyans nan zafè ekri, Mitelson Maccéan tonbe sou Rezo Ayisyen jounalis lasante, yon rezo ki gen atelye ki fòme pwofesyonèl enfòmasyon ak jèn ki sòti tout kote. Nan Kad kanpay kont kovid-19, Rezo a bay jèn sa tout sipò li.

Mitelson MACCEAN
Par Mitelson MACCEAN
20 juil. 2020 | Lecture : 4 min.

Yon ti van swa t ap soufle. Lanati te poze kou ma kafe. Syèl  la te mare figi l. Se kòmsi l t ap fredone yon refren ki plen ak tristès. Detwa ti gout dlo lapli t ap tonbe sou do tòl la: tik, tòk, tik, tòk.

-Telou, m ale wi gason m. Ou konnen w gripe, pa benyen ta non ak maladi sa k deyò a.

- Wi manmi, pa enkyete w. Fè pridans. Ou soti ak kachnen w?

- Wi. M ale pitit mwen. Pa soti non!

- Wi manmi !!!

Se konsa douvan jou, manman m oblije al bouske lavi, menm si kè l ap kase pou l pa

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.