KILTI / LANG / SOSYETE

Kreyòl ayisyen an : yon lang tankou tout lang

Tout lang ki fèk chita nan tèt yon gwoup moun k ap pale li se toujou yon lang ki pa gen ni rele ni reponn. Sa vle di, se yon lang pòv li ye. Pa gen yon lang anba syèl ble a ki ka di li pa gen anyen pou li wè ak règ sa a. Lè yo di kreyòl pa lang paske li pa gen gramè. Sa se bobin!

Kreyòl se lang peyi Dayiti ak anpil lòt peyi sou la tè. E se yon lang tankou tout lang. Menm si moun ki manke bon sans pa dakò. Menm si moun ki gen twòp prejije ak moun ki genyen anpil inyorans blayi nan kalbas tèt yo pa fin dakò : kreyòl rete you lang! Menm si yo di li pa gen ni gramè ni leksik ni diksyonè ni akademi, la syans rekonèt li pou yon lang. Repwòch sa yo rizib anpil! Nan tèt kole avèk lasyans, nou angaje noun nan travay sa a pou nou analyze tout kritik dwat e gòch ki fèt sou lang lan. N ap genyen pou nou moutre, selon jan lasya
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.