Jounen lekti pou elèv, etidyan, editè ak ekriven
Nan yon kapsil li te fè pou ankouraje plis moun — sitou jèn yo — patisipe nan “Salon du Livre et des Arts du Grand Nord”, nan kòmansman ane 2026 la, otè liv Paracréolistique la, Marc-Arthur PIERRE-LOUIS, yon entèlèktyèl ayisyen wòdpòt fè konnen, « pa gen anyen serye yon sosyete ka fè san li pa mete liv devan ».