10 juil. 2020
Gen non ki sonnen fò
Gen non ki pote mak listwa
Non ki bay defi bliye l
Se yon non ki mare ak listwa yon peyi
Mikayèl Kràn
Youn nan non ki kouvri kò vil Jakmèl ak vwal li
Nanm li fè yon sèl ak yon vil li pa t janm vle kite
Nanm li fè yon sèl ak souf van k ap karese jip lakòt bagèt
Mikayèl depi lè l tonbe nan tè bò isit
Se yon siwo ki sikre kè tout gason vanyan
Byen banda li travèse tout lizyè
Li janbe tout lantouray
Tout bèt nan bwa vin kouche kote l te woule do l
Lanmou fanm sa a pou Jakmèl pa gen limit
Toupatou nan tout gran salon, kay Mizelya ou mouche Lewa
Nan tout gwo lobedyans ou ribanbèl jou bare
Li toujou kwoke drapo “Sousoum kòda” byen wo
Mikayèl Kràn se youn nan pi gwo pye mapou lakou a
Nou rele l Manman Jakmèl
Paske li pale kreyòl zile a, li bwòdè kou pan
Jantiyès, afeksyon, lanmou se sèl kwa li pote
Yon pil santiman ki fè n souri menm nan pi move jou yo
ManMik lè l kwaze w, se yon sous dlo k ap kannale desann
K ap woule kò l nan yon mòn ki koube do l pou l ka glise doudous
Tout non ki pase anba siwolin li mande padon
Yo fè jakopyevèt
Pete pòt kay
Pran lari gran jounen, met ajenou, kriye, lè kreyòl la sou fè dyougan
Jakmèl di Ayibobo pou ou ManMik
Eske w sonje jou ou menm avè l te rankontre?
Eske w sonje ki premye mo ou te di l?
Eske w te kwè lanmou w pou li
T ap fè nich tankou koutbwa ki pa vle dekole?
Eske w te konnen lanmou w pou li se te pou letènite?
Tan pase, ane pase, solèy chanje po
Lavi vire bout, lalin chanje katye
Men lanmou w pou li pa janm fane
Relasyon nou pa janm gen miwo-miba
Li pa janm mipya
Depi l angaje li vin sifle non w nan toupòt
Avè l se yon lanmou nèt ale
Pafwa lè syèl la nwè kou lank
Ou ekri pwezi ak limyè chandèl pou w klere chimen l
Devan fòs lanmou sa a, Romeo ak Jilyèt se jwèt
Nou pa janm fin damou
Tèt li kite mak li sou zepòl ou
Li fonn anndan w, nan sant pafen w
Tout plim nan kò w konn gou swe l
Ala yon lanmou sa a …
Vire-tounen nou pran damou kèkal nan yon ti kwen kache
Tankou Adam ak Èv nou lage ak tout boulin
Chak gout swe kò nou kont pou fè flè boujonnen
Jakmèl ap di w mèsi pou figi l ou te pentire chak jou
Pou l ka toujou ret souri
Jakmèl mande w padon
Diran tout vi w ou te chef pwèl li
E menm lè l t ap pèdi fèy, ou te ret kole la kou mòpyon
Lè move solda, move lawon te vle etenn souf li
Li te toujou konte sou kouray ou pou w pote l sekou
Pou li ou pran kòd, ou mawon
Jenerasyon alèkile dwe kopye sou ou
Pou yo ka vin konn plis sou vil sa a ki te chè pou ou
Pou konbit la kontinye
Pou yo akòde kè yo ak tè a menm si plapye yo blese
Pou ou vil sa a,
Jakmèl, te toujou yon ti lapli k ap jwe melodi sou do tòl ou
Yon bri yon fanm k ap bay lavi sou kabann lopital
Ou met moun sou de ran lè enterè l menase
Moun tout peyi met tèt atè e yo ouvè tout wout depi yo wè van w ap pase
Pou Jakmèl, ou pouse kòn
Ou tounen yon towo
Ou tounen kapitèn
Ou tounen jeneral
Yon konbatan
Ou leve van nan tout plèn
Ou pete rèl ki rive jouk sou fwontyè
Pwezi w se yon konprès pou kalme maladi l
Ou te siyen kontra douvan lwa tout kalfou pou w pa t ret bèbè lè l antrave
Lè lavi l menase e ou pa t pot wòb ou pou bèl twèl
Fanm vanyan, kite m bo pye w
Kite m imòtalize w nan pye Senjak
Prete m nechèl ou a pou m depoze kò w nan pye Lavyèy
Prete m lanbi w la pou w konnen rasanbleman
Montre m kote w met mak pye w pou m reveye nanm vil la
Banm pèmisyon pou m fè pitit site a reprann jarèt
Pou n ka mennen lit la jiskaske n kriye viktwa
Jounen jodi a n ap di w nou rekonesan pou travay ou
Kite n trese pou ou yon boukeflè ak imaj ou kalke ladan l
Nou pa jwenn mo pou n di w kijan lanmou nou pou ou rive lwen
Kijan lanmou n pou ou pete plafon
Depi se kanaval, vwa w frape tout pòt palè,
Tout ministè pou w jwe Ochan pou vil ou
Ou met rad kako w sou ou pou w al defann atizan,
Atis ak tout aktè kanaval Jakmèl
Bravo pou ou, tout moun sa yo di w mèsi: Ayibobo!
Tout minis, tout prezidan pase anba woulo w
Jakmèl tèlman anba po w, yo ba w pot non l
Manman Jakmèl
ManMik
Yon sèl manman pou yon kolòn pitit
ManMik toujou gen yon ti zen l ap kase nan zòrèy ou
Li toujou gen yon dra sal l ap lave ankachèt
ManMik toujou gen yon ti pawòl dous pou l di w
Ti pawòl ki fè zye w fèmen san l pa manyen w
Se kòmsi Letènèl te fè l ak yon sak sik nan bouch li
Tout Jakmèlyen tribòbabò di Bondye MÈSI
Dèske l te mete w sou chimen yo
Ou ouvè tout pòt, drapo vèt e blan w anbabra w
Kilti nou pran rasin
Richès li met lemonn ajenou
Gras a ou, gras a non w
Bèl fanm, nan ki bout kay ou te kale?
Nan ki vant ou te sòti?
Pouki se la ou te tonbe?
Pouki tout lanmou sa a?
Pouki tout lòv sa a?
Nou pa t merite tout sa non!
Pafwa nou mande poukisa ou te oblije bliye tèt ou
Bliye wout kay ou pou w te ka pot kichòy nan lakou a
Tou piti m leve m jwenn y ap site non w, onore w
M te toujou ap mande grandèt yo kiyès fanm sa a y ap louwe a
Kesyon m yo vin jwenn repons se lè m te kòmanse sot nan tè
Lè m te kòmanse kale je m sou koze site a
E m te vin dekouvri yon fenomèn,
Yon fanm nou ka pa janm jwenn nan legzistans nou ankò
Lanmou w pou vil Michlè Divè a te janbe fwontyè
Li te travèse lantouray
Ou te blese nan fil fè
Pikan te pike w
Larivyè te bwote w
Men ou pa t janm fatige
Ou pa t janm mòde-lage
Ou pa t janm plenyen
Jounen Jodia gras ak jèfò w
Non w enskri ak lèt an lò nan liv lavi nou
Ou plis pase yon patrimwàn,
Tout tizwazo nan syèl gen pou ekri non w
Douvan pòt chak vil sou latè
Tout zanj nan syèl
Gen pou sonnen twonpèt la pou latè ka koube tèt
fè wout pou nanm ou
monte jwenn nèg ak bab la
Jodia ou sevre n
Nou fè dan
Nou ka mòde
Misyon w fini
Laj pou n pyafe pran n rakou
Kounya ou kite n bay lavi
Pou n rakonte ak sila ki pa t la zèv ou te fè sou latè
Kounya m pral site non w
Panse avè w chak lè
Chak minit
Chak segonn
Mapou lakou a tonbe
Tout kanton an tonbe fasba
Rèl anvayi tout ti wout
Nan tout koridò se vant kòde
Men avan w te ale ou te gentan montre n chimen
Ou te gentan ba nou sekrè a
Nan zòrèy chak pitit ou yo ou te soufle pawòl la
Men pouki w ale? Nou te gentan finn abitye
Ou te gate nou twòp
Pou ou tout bann madigra ap vin jwe yon dènye wonn
Y ap vin fè yon dènye seyans
Mwen konnen w ap dakò
Kounya w al kanpe lwen
W al suiv tyovi w yo ki pral goumen
Pou yo dezantòtye tèt yo nan wout pikan
ManMik ou poko ka ale non!
Nou gen twòp pawòl pou n pale
Nou gen anpil bagay pou n regle
Tounen vin fè m zyedou
Vin blayi yon twoubadou avè m anba tonèl Remon
Vin fè m pyafe, danse sou yon sèl pye
Doulè sa a m p ap ka makiye l
M p ap ka kache l non!
Antouka Papa, ba nou fòs ak kouray pou n ka sipòte
Paske se ou ki bay fanm nan libète l
.