Akademisyen Pauris Jean-Baptiste se yon otè ki bay lektè anvi plonje nan istwa l ap rakonte. Lodyansè, powèt, pawòl Akademisyen an, menm jan ak sa l ap ekri, li travay li nan kad literè yon woman k ap pran chè nan mo k ap vini an vag, nan elan enspirasyon l. Se yon pawòl k ap sikile nan tèks la. Pawòl la se yon mouvman. Ekriven an ap fikse sa l ap konstwi an nan yon achitekti ki mete an ekilib souf, enpwovizasyon, ak yon travay transmisyon ki la pou l rete nan memwa
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous