Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
Pwezi
Pistach griye
Mètrès douvanjou sakrifis solèy Pistach griye Pistach griye tou kale, tou kale La a kwen Gran ri ak ri Bòn Fwa yon fanm ansent ak yon panyen lespwa anba bwa l\' ap pwomennen lavi l\' gwo jounen nan yon vye panyen pousyè ap machande pousyè fin machande Yon fanm ki pa konn ni krik ni krak li pa bezwen nan kont ak pèsonn yon fanm k\'ap vann lavi l\' gwo jounen yon vye panyen yon bout godèt, tout lavi l\' prale solèy pa leve pou seche dlo nan je l\' La a kwen Gran ri ak ri Bòn Fwa lavi kase koub l\'ap ralanti nan fon yon vye panyen ak yon ti bout godèt yon fanm ansent ki gwòs malè yon fanm se li ki rele se li ki reponn tèt li yon fanm, yon mètrès fanm senk bouch pandye ap tann anvan lannwit tonbe kabicha pistach griye, pistach griye tou kale, tou kale La a kwen gran Ri ak ri Bòn Fwa lamizè chita kè pòpòz ap chare, kabre lavi nan fon yon vye panyen pousyè ap machande pousyè fin machande yon vye panyen lespwa jounen an vire do li, li ale san gade devan, san gade dèyè pyès moun pèsonn pa reponn solèy seche tout vwa vwa etenn kou ti lanp tèt gridap tout men tout bouch pandye ap gade pistach griye, pistach griye tou kale, tou kale metrès douvanjou prale ti kal pa ti kal, ti zing pa ti zing ti kras pa ti kras, miyèt moso pitach griye pistach griye tou kale, tou kale Se kilès k\'ap machande,\'\'mezanmi\'\' anvan lannwit foure bouch, nan koze l\' Kilès.
