« Mèsi papa Desalin »

Papa Desalin mèsi anpil Pou batay ou batay Nan Ravinn Koulèv ak Vètyè Pou mete chita lan de pla men nou Bèl Nègès sa, Ayiti Gason tout kalte koulè anvi bay de kou Aprè pou yo met zèl Kou yon papiyon k ap voltije de flè en flè.

Papa Desalin mèsi anpil Pou batay ou batay Nan Ravinn Koulèv ak Vètyè Pou mete chita lan de pla men nou Bèl Nègès sa, Ayiti Gason tout kalte koulè anvi bay de kou Aprè pou yo met zèl Kou yon papiyon k ap voltije de flè en flè. Papa Desalin Mèsi anpil Pou batay ou batay Lan Plenn di Nò ak Machan Pou fè bèl fanm sa, Ki sanble ak yon jenn flè choublak Tan kou de gout dlo, Ke la wouze ap karese Anfas yon solèy k ap koupe l kout je, Vin sèl fanm sou la tè Ki pote lan zantray li Pandan yon ponyen syèk malouk Tout bèl valè inivèsè

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous