Ochan pou pwofesè Lyonel Sanon

Lyonel pati kite nou.

Fritz Deshommes
07 oct. 2025 — Lecture : 4 min.
Ochan pou pwofesè Lyonel Sanon

Lyonel Sanon

Lyonel pati kite nou. Sanzatann. Ban m di pito san nou pa t kwè sa t ap rive vit konsa. Nou konnen l te malad. Men Lyonel pa moun k ap pale afè entim li fasil konsa. Sitou si se pa yon pawól pozitif. Si l rive di w li malad, byen vit l ap banalize maladi a. Epi se gwo chans pou l di w ki maladi l soufri.

Se pa paske l kachotyè. Lyonel se yon etènèl optimis. Lyonel toujou prefere pale pawól ki pote lespwa, ki mennen limyè. Lyonel toujou kwè nou gen kapasite leve tout defi, reyalize tout rèv nou. 

Se pou sa Lyonel pa janm fè bak devan travay. Lè w gen yon dosye difisil, konplike, ki parèt preske enposib, Lyonel toujou disponib depi w solisite l; gen de fwa menm, lè l wè w angaje, li ofri tèt li. Lyonel se yon gwo ideyalis. Men tou, lè l ranmase yon dosye, fè l konfyans, l ap met tout kè l, tout nanm li, pou l fè dosye a mache kómsadwa.

Premye eksperyans dirèk mwen ak Lyonel, se te lè m t ap anime, nan non UEH, Komite Inisyativ pou mete kanpe Akademi Kreyól la, nan lane 2011. Lè sa a, mwen te VisRektè Rechèch, Lyonel te Manm Konsèy Direksyon FLA. Nan moman sa a, potko gen konsansis nan mitan lengwis yo sou nesesite ak opótinite yon Akademi Kreyól menmsi Konstitisyon an te prevwa l. Lyonel te jwe yon wól majè nan pwosesis pou te mennen FLA a aksepte lide a, kolabore ak Komite a jiskaske FLA limenm vin ranmase inisyativ la epi patisipe nètalkole nan tout aktivite Komite a . 

Mwen vin gen okazyon konnen Lyonel pi byen lè l vin entegre Kabinè predesesè mwen, Rektè Jean Vernet Henry, 

E se te yon avantaj bab e moustach pou mwen lè m te vin Rektè pou m te tou kenbe Lyonel nan kabinè m. Lyonel se sèl kólèg ki te travèse san pwoblèm, soti nan kabinè Rektè Vernet vin nan kabinè pa m. Epi Lyonel rete ave m nan toulede manda m yo, Se li k pase plis tan kóm manm kabinè m.  

Yonn nan kalite ekstródinè Lyonel te genyen se te kapasite l pou l fè dyalóg, pou l tande moun, pou l chache konsansis, kapasite l pou l chache epi jwenn solisyon. Nan moman UEH la te an boulvès, Lyonel te ede nou jere plizyè kriz: kriz INAGHEI, kriz Etnoloji, kriz FASCH, kriz IERAH, kriz Medsin, kriz CHCL, elatriye. Men Lyonel tou se te anpil konpetans, anpil lwayote, jenewozite, devouman, entegrite, kreyativite. 

Dènye dosye Lyonel te jere pou nou, se dosye kreyasyon chèn televizyon UEH la.

Se te yon pasyon, yo gwo rèv pou Lyonel, pou l wè UEH nou an ta resi gen yon mwayen kominikasyon tankou yon chèn televizyon branche sou TNH. Depi sou Protokól d Akó ak TNH jis nan sipèvizyon acha materyèl odyovizyèl an pasan pa konsepsyon program, espas pou tele a enplante, pèsonèl pou tele a fonksyone, resous odyo ak videyo nou deja genyen, Lyonel te gentan prepare tou sa. Li pa t gen chans wè pwojè a konkretize men nan pwen l te mete l la, pa t ret anpil. 

E kote l ye ap obsève nou jounen jodya, si gen yon bagay k ap rejwi kè l, se lè TV-UEH la - se non sa a l te gen tan bay - kanpe, ap mache, ap fè pwomosyon lasyans, pwomosyon UEH la, pwomosyon peyi a. Se te rèv li.

Se pou tout rezon sa yo, nan moman m t a pral kite tèt Rektora UEH la, mwen te desène l yon plak “One ak Merit”. Pou m te di l mèsi pou devouman l ak dinamis li nan sèvis Inivèsite Leta a.

Men nou byen konnen dimansyon Lyonel te depase senp UEH la. Lè nou gade karye li, pakou li, vizyon li, lè nou gade reyalizasyon l nan Ministè Edikasyon Nasyonal, nan FLA, nan ENS, nan UEH la, nan sosyete sivil la, nan tout kote l pase, nou ka di Lyonel se te yon modèl, yon referans, yon egzanp, yon sitwayen ótpót, yon patriyót konsekan, yon gran edikatè, yon moun tout bon, nan sans pi elve nou ka konsidere konsep moun nan. 

Pou nou tout ki te gen chans kotwaye l, viv avè l, konnen l, se te yon fyète, yon chans, yon gras.

Pou mwen pèsonèlman, se te yon zanmi, yon kolaboratè, yon konseye, yon frè.

Mwen koube m byen ba pou m prezante bay madanm li Luna, bay pitit li, frè l, sè l, fanmi l, etidyan l, kólèg li, nan FLA, ENS, Rektora a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak tout lót kote l te pase , tout zanmi l alawonnbadè kondoleyans nou, senpati nou, solidarite nou.

Lyonel frem, bon travèse sou wout limyè a . Epi pa bliye nou, toujou kontinye voye ban nou klète, disèneman ak lespwa.

Mèsi anpil