Bezwen powèm

Ki lè l ap 4è?

Nan powèm sa a, Widly Jean chita pawòl sou yon doulè kolektif ki mare ak disparisyon yon vwa ki tounen tanbou konsyans pèp la : Liliane Pierre-Paul. Se pa sèlman chagren pèsonèl, men yon kri toutbon — kote revèy nasyon an sispann sonnen 4è. Pami tripotay lavalas, kadav, fatra, ak vwa ki pa reponn ankò, li poze kesyon sou tan, sou chimen peyi a, sou memwa. Powèm nan chaje ak senbòl : lapli, lanmè, zetwal, klòch, radyo, ki tounen temwen silans lan, kòm si peyi a antere yon epòk kote vwa te sèvi limyè. Yon pwezi kalm, reflechi, revolte, kote chak mo se yon boukan dife, epi chak vè se yon siy sou miray listwa.

 Widly JEAN widlyjean19@gmail.com
Par  Widly JEAN widlyjean19@gmail.com
16 juil. 2025 | Lecture : 2 min.

Jou yo makònen nan trip lannwit...

Lanvè, landwat, miwo miba.

Fèy yo sispann kenbe lawouze,

paske se dlo nan je —

bal mawon ak rigòl san

ki fè lapli chante libera

sou pla men zetwal...

Pou lavalas dlo fè tripotay

nan bwote fatra, ranyon sal, kadav moun ak chen

douvan papòt lari Pòtoprens.

Lanmè pase kat trè sou 4è

depi de zan nan kafou kat lavi,

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous