Tout chay pwoblèm yon sosyete nan yon pyès teyat Christophe Philippe Charles

Yon pwezi nan doulè sosyete a, yon teyat pou fè moun reflechi. Pou 31èm edisyon Livres en folie, akademisyen ak ekriven Christophe Philippe Charles mete limyè sou lavi chak jou pèp ayisyen an ak yon pyès teyat ki se yon kout zèl sou verite, soufrans, ak imè nou viv chak jou. Nan « Yo koupe Mimose », li envite lektè a plonje nan yon reyalite ki toujou ap rale souf moun, kote imajinasyon, kritik sosyal, ak langaj vivan al kole pou kreye yon zèv ki di anpil sou peyi a. Yon rekonesans merite pou yon vwa ki kontinye fè teyat la pale sa anpil pa janm di.

Akademisyen Christophe Philippe Charles, envite alonè Livres en folie 2025, frape fò ak yon teyat kout men lou: « Yo koupe Mimose » 

Pou 31èm edisyon Livres en folie a, se Christophe Philippe Charles, akademisyen, powèt ak editè, ki okipe plas envite donè a. Nan kòmansman janvye 2025, li mete deyò « Yo koupe Mimose », yon liv teyat ki parèt lakay Éditions Choucoune, anba lobedyans

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous