Tradisyon

Rara nan Gonayiv Semèn sent

Pou Semèn Sent ki tonbe menm lè ak kalandrye rara, Gonayiv leve danse ak yon pèp ki rete fidèl ak tradisyon zansèt yo. Pami bann ki mete animasyon nan Site Lendepandans ane sa, nou jwenn Twopikal ak Sentandre, ki sòti nan Tèsale ak Valmi; epi Anba pwent, ki soti Raboto. Bann sa yo, ane 2025 la, pote nouvo dans, nouvo rit, nouvo tematik ki fè n reflechi sou sosyete a.

Chak ane, pandan Semèn sent, vil Gonayiv tounen yon sèn vivan kote mizik, dans, ak eritaj pèp la mete  lafwa ak kreyativite sou yon sèl sèn kiltirèl. Bann rara yo pran lari, pote sou do yo istwa, memwa, ak espwa. An n fè yon tounen sou twa jou esansyèl kote lavil Gonayiv mete rad fèt li.

Gonayiv pa selebre jou sen tankou tout lòt kote. Pou anpil moun, se yon epòk meditasyon; men pou Gonayivyen yo, se tou yon okazyon pou viv lafwa ak rasin

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous