Ki kote sansiblite fè nich,
lè chagren se farin frans
se poud safran
nan gòdèt dlo n ap bwè ?
Kotidyen nou pa kotidyen n
souri n simityè
rega nou chak
s on zam k ap dechaje sou peyi a
woy ! Pyès vil pa alabri
ata menm pousyè pye
menm tibebe nan zantray dife …
kote zanj yo ?
Pouki yo pa t vin sove l ?
Dife a devore l !
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous