Bezwen powèm

Lanmò yon tchovi

Bandi kriminèl lage nan dife yon ti bebe 2 mwa. Yo fè videyo pou yo montre popilasyon an zak sa ki pa gen non. Manman tchovi a pat kapab sipòte doulè a, li pat pran tan pou l te suiv tilezany la. Li mouri tou. Powèt Manno Ejèn k ap viv Okanada pran plim li menm jan ak Douglas Zamor ak Frantzley Valbrun. Poèm nan touche kè nou.

Manno Ejèn
Par Manno Ejèn
20 févr. 2025 | Lecture : 1 min.

Mwen wè lanmò gwo zòtèy

k ape mache atè plat

tankou yon pwofesi annonse

ki rive nan bout li.

Lè a sonnen blenngbendenng

mak pye li malouk

mabyal mangonmen

peze lou sou peyi mwen.

Pòtoprems o

sant kadav pyepoudre

van vante ape kannale.

Nan kat fasad

odè lafimen santi fouk

vini jwenn mwen.

Kòmkidire yon espedisyon

voye vini

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous