Bezwen powèm

Rèl !

Widly Jean, powèt ayisyen ki ekri « Jacques Stephen Alexis en vingt-deux morceaux de Soleil » abite jounen jounen jodia Nouyòk, Ozetazini. Widly Jean se yon pwofesè lekòl. Se ensekirite ki fè pwofesè sa ki anseye nan plizyè lekòl nan Pòtoprens ak lòt komin nan peyi a kite Ayiti. Lè l ap tande kòman bandi sènen peyi a, lè l wè kòman Leta peyi l pa gen ren ankò pou l reprann teritwa bandi yo ap pran jou aprè jou, li gen gwo lapenn. Lè l tande, nan Nouyòk siti, kòman bandi, nan komin Kenskòff, rive rache yon ti bebe 2 mwa nan men manman l epi lage ti lezany la nan dife, li pete yon rèl nan powèm sa.

Widly JEAN, Miami, États-Unis
Par Widly JEAN, Miami, États-Unis
19 févr. 2025 | Lecture : 2 min.

Ayiti ap benyen anba yon lapli san ki pote ale nan peyi san chapo

yon moso ranyon ki pa gen ni lanvè ni landwat.

Nan yon lavalas rèv kap dodomeya nan poto mitan tèritwa pèdi

Zegwi nan revèy peyi dAyiti 

Sispann konte minit

se pito kadav kap sote kòd nan letènite batman kè yo.

Nou pa konn lajounen 

Lannwit twaze bonjou solèy

Li kite chen wouke bay zonbi nan kafou 4

Mezanmi ta

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous