Mwa kreyòl

Fabian Charles pou yon nouvo kreyolizay

Oktòb 1983- oktòb 2024, karanteyen (41) lane depi divès kominote ak peyi kreyolofòn nan lemond ak dyaspora yo ap selebre yon eritaj komen : lang ak kilti kreyòl. Se nan menm lojik selebrasyon sila a, an Ayiti, pandan tout mwa oktòb la, Anivince Jean Baptiste ap rankontre pou jounal Le Nouvelliste yon pèsonalite ki kapab swa lenguis, ekriven, pwofesè, akademisyen, kreyolis, operatè kiltirèl, jounalis, mizisyen, pawolye, komedyen, powèt… pou yon echanj djougan sou lang, kilti ak literati kreyòl. Rankont sila yo ki enskri nan kad mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl vle sèvi, anvan tout bagay, yon baz solid ki kapab itil bon jan refleksyon ak aksyon konkrè nan enterè devlòpman lang, kilti ak literati kreyòl. Nan nimewo sa a, nou genyen Fabian Charles ki se ekriven, filozòf. Li te etidye nan Inivèsite Sorbonne. Koulye a, li se pwofesè nan Inivèsite Paris-Saclay.

Le Nouvelliste – LN: Avèk plis pase 60 % popilasyon kreyolofòn nan Karayib la, li klè Ayiti reprezante pi gwo moso nan kreyolofoni an. Anpil moun menm kwè se yon atou babemoustach pou peyi nou an. Daprè ou kòman Ayiti ta kapab esplwate reyalite sila a pou li epi, sitou, nan dinamik konstriksyon yon kreyolofini solid e solidè?

Fabian Charles – FC : Ayiti se pi gwo peyi kreyolofòn. Nou ta dwe travay pou avantaj kiltitirèl sila a to

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous