Akademi Kreyòl Ayisyen

Lansman ofisyèl mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl

Se nan otèl Montana, jedi 3 oktòb 2024 la, Akademi Kreyòl Ayisyen lanse mwa Selebrasyon lang ak kilti kreyòl (oktòb) ak aktivite pou make 10 zan kreyasyon enstitisyon an. Daprè Samuel Jean Baptiste, sekretè egzekitif Akademi an, diferan aktivite pou make doub selebrasyon sa a ap deplòtonnen sou tèm “Lang kreyòl : zouti rezistans pèp ayisyen”, soti 3 oktòb pou bout 4 desanm pwochen ki se dat enstalasyon premye kòwòt akademisyen kreyòl ayisyen yo. Konferans, atelye literati jenès, rankont ak ekriven, espozisyon ak vantsiyati liv, lekti senik, wonmble, toune fòmasyon, espektak se kèk pami aktivite ki nan ajannda Akademi Kreyòl Ayisyen an pou sezon selebrasyon an, toujou selon Sekretè egzekitif la ki soulinye aktivite mwa kreyòl yo ap dewoule nan Pòtoprens ak nan vil Ench.

Lang kreyòl : zouti rezistans pèp ayisyen

Nan mesaj Akademi Kreyòl Ayisyen pou mwa kreyòl la, visprezidan enstitisyon an, akademisyèn Rosilia Francois Corneille raple lang kreyòl te toujou jwe yon wòl fondamantal nan tout batay ak konba pèp ayisyen an mennen nan listwa l pou lanbi libète klèwonnen. Pandan li mande pèp ayisyen an pou li toujou fyè de lang li, akademisyèn nan renouvle angajman Akademi an pou li toujou ka

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous