Mwa kreyòl

Manno Ejèn pou yon nouvo kreyolizay

Oktòb 1983- oktòb 2024, karanteyen (41) lane depi divès kominote ak peyi kreyolofòn nan lemond ak dyaspora yo ap selebre yon eritaj komen : lang ak kilti kreyòl. Se nan menm lojik selebrasyon sila a, an Ayiti, pandan tout mwa oktòb la, Anivince Jean Baptiste ap rankontre pou jounal Le Nouvelliste yon pèsonalite ki kapab swa lenguis, ekriven, pwofesè, akademisyen, kreyolis, operatè kiltirèl, jounalis, mizisyen, pawolye, komedyen, powèt… pou yon echanj djougan sou lang, kilti ak literati kreyòl. Rankont sila yo ki enskri nan kad mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl vle sèvi, anvan tout bagay, yon baz solid ki kapab itil bon jan refleksyon ak aksyon konkrè nan enterè devlòpman lang, kilti ak literati kreyòl. Nan nimewo sa a, n ap resevwa powèt Manno Ejèn, manm fondatè Sosyete Koukouy Kanada, envite donè Festival Entènasyonal Literati Kreyòl an 2019.

Le Nouvelliste – LN: Avèk plis pase 60 % popilasyon kreyolofòn nan Karayib la, li klè Ayiti reprezante pi gwo moso nan kreyolofoni an. Anpil moun menm kwè se yon atou babemoustach pou peyi nou an. Daprè ou kòman Ayiti ta kapab esplwate reyalite sila a nan dinamik konstriksyon yon kreyolofini solid e solidè?

Manno Ejèn – ME : Si Ayiti pataje yon eritaj istorik ak kiltirèl ansanm avèk bannzil kreyòl (ansanm peyi a

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous