Esè

Kreyolizay : yonn nan pilye panse ayisyen

Kreyolizay se yon refleksyon rasyonèl sou enpòtans lang kreyòl la. Se rezilta yon entuisyon ak yon santiman pwofon, ki konekte popilasyon an avèk kilti epi idantite li. Nan sosyete kote panse sa a ap fonksyone, li ap kontribye tou nan bati yon kolektivite ki pi ekitab, ki respekte divèsite ansanm ak diyite chak grenn moun epi tout moun ansanm.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn)
21 août 2024 — Lecture : 10 min.
Kreyolizay : yonn nan pilye panse ayisyen

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn) Manm Sosyete Koukouy nan Kanada
Photo : Foto Photo

Kreyolizay se yon panse ayisyen ki jèmen apati mo powèt Manno Ejèn kreye. Depi plizyè ane, se yon refleksyon ki fè chemen li nan Sosyete Koukouy, ki se pitit Mouvman Kreyòl Ayisyen. Se yon konviksyon ki soti nan yon pwosesis entèlektyèl epi emosyonèl avanse, daprè istwa epi volonte yon gwoup Ayisyen konsekan. Li reprezante yon refleksyon  rasyonèl sou enpòtans lang kreyòl la, men tou, li se rezilta yon entuisyon epi yon santiman pwofon, ki

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous