Pran san nou, pran tèt nou, tande

Anpil fwa, akoz move eksperyans, gen konpatriyòt ki konn di "Ayiti pa p janm bon toutotan yon seri moun ladan l vivan".

Paul Jérémie
07 août 2024 — Lecture : 4 min.

Anpil fwa, akoz move eksperyans, gen konpatriyòt ki konn di "Ayiti pa p janm bon toutotan yon seri moun ladan l vivan". Ke y ap pale de gwoup lame yo rele bandi ou teworis, ke y ap pale de oligak apatrid nan lelit peyi a, ke y ap pale de politisyen kowonpi e trèt, konpatriyòt sa yo pa ale nan fon kesyon an, e teyori yo a bay tèt chaje. 

Teyori sa a parèt eklere,

Men li mal panse e li danjere.

L ap ankouraje kraze brize,

L ap pouse lepèp al bwote piye.

Sa pa vle di briganday sa yo ka toujou evite.

Sa pa vle di pa p gen lese frape

Pou peyi nou regenyen souverènte

E vin devlope nan enterè lamajorite.

Teyori sa a pa p mennen Ayiti okenn kote.

Li pa touche nannan pwoblèm nan alaverite. 

Manman kòz la chita nan yon sistèm peze souse 

Kote yon pati jwenn, yon pati pa jwenn, yon pati gonfle,

Kote abi grandon ap fè do peyizan koube

Kote patwon af fè ouvriye bourike

Pou yon salè mizèrere 

Ki rann yo pi malere,

Ki pa pèmèt yo pwogrese, 

Twouve ase manje pou yo manje,

Pran swen lasante yo nesesite,

Peye lwaye kote yo abite,

Achte rad ak soulye pou yo mete,

Jwenn mwayen transpò pou yo sikile,

Voye pitit yo lekòl pou yo etidye

E ouvè lòt pòt pou yo fè ti degaje.

Pi piti yo ap toufe, y ap trangle.

Rayisab, avaris ak egoyis ap galope.

Depi tan lakoloni, sistèm sa a ap paweze.

Jouk jounen jodi a l ap sige san rete.

Lelit yo pran vis sa a nan men ansyen kolon franse.

Defo sa a kontamine anpil mantalite.

Se sistèm sa a nou dwe atake an premye san pitye.

Zewo tolerans, tabula raza, san ezite.

Pou revolisyon sa a reyisi, nou dwe lite 

San pran souf, san nou pa janm bouke,

Paske sistèm n ap konbat la se yon bèt anraje,

Mons sa a gen plis pase sèt tèt anjandre,

Li ka repouse tankou bout koulèv, tank li madre.

Si se teyori k ap diskete a ta vre, 

Enben, Ayiti pa p janm chanje,

Paske gadyen sistèm yo gen eritye tou pare.

Y ap tann tou pa yo rive

Pou yo kòche ti anplwaye,

Banbile sou ti pèp egare,

Vann Ayiti bay peyi enperyalis k ap pwofite beke

E k ap fè Ayiti peye pou radiyès libète li te rache.

Sa k enterese mèt sistèm yo, se kite l mache.

Solisyon an se pa modi sankonsyans ak sanzave,

Peyi a bezwen tout pitit li, san wete, san mete,

Menm sila yo ki gen movèz volonte e ki mal panche.

Sa k pou di yon mirak pa p fè yo redrese ?

Solisyon an se deside ansanm sa nou vle,

Se richès natirèl nou pou nou eksplwate,

Se kilti nou pou nou anbrase,

Se rasin nou pou nou kenbe,

Se nan kina nou pou nou kore,

Se valè ki pa p janm pase pou nou kiltive,

Se ak tèt nou pou nou rekonsilye,

Se vye prejije ak konplèks enferyorite pou nou kwape,

Se mete men ansanm nan tèt kole,

Se remanbre enstitisyon nou yo ki fin kraze,

Se fè klas defavorize yo jwenn opòtinite

Pou yo pa nan mande tanpri souple.

Si nou vle avanse kare bare, 

Pwodiksyon nasyonal la nou dwe pouse,

Bagay lakay nou dwe konsome,

Lang nasyonal la nou dwe voye monte

Pou moun pa sòt nou nan lang etranje.

Patriyòt konsekan, nan men nou solisyon an ye.

Pran san nou, pran tèt nou, tande !

Depi n ap veye je kale,

Depi nou byen òganize nan fè solidarite

E nan dejwe konplo Konze,

Tout sa ki anpeche Ayiti mache

Ap elimine tèt yo vle pa vle.

Tèt pa bezwen koupe,

Kay pa bezwen boule,

Bal pa bezwen tire,

Bonm pa bezwen lage, 

Je pa bezwen pete,

San pa bezwen koule

Pou Ayiti bon jan sove.

Mezanmi, se pa sa nou swete ?

Anba plim Paul Jérémie

Megadialogue@yahoo.com