Jean Rony Beaucicault / Vantsiyati

Kòadepale nan Pyepoudre

Otè Jean Rony Beaucicault siyen, nan Sant kiltirèl Pyepoudre, jou vandredi 12 jiyè 2024 la, liv li a ki se Kòadepale. Liv sa ki pibliye nan mwa janvye 2024 ki sot pase a ekri an kreyòl. Nan liv sa, Jean Rony montre kouman nou itilize tout pati nan kò nou lè n ap kominike. Pou Jean Rony Beaucicault, se ak yon santiman satisfaksyon li siyen Koadepale nan Sant kiltirèl Pyepoudre.

Elien Pierre
Par Elien Pierre
12 juil. 2024 | Lecture : 2 min.

" Mwen siyen Kòadepale ak yon santiman satisfaksyon, paske apre yon atant ki te long, mwen rive bay piblik la posiblite achte liv la. M ap pwofite remèsye tout fanmi, zanmi, kòlèg travay mwen ak lòt moun mwen pa konnen ki te pote kole pou vant siyati a reyisi ", se sa Jean Rony Beaucicault te déklare.

Selon otè a, Kòadepale se yon seri ekspresyon ki fèt ak pati nan kò moun. Kidonk, Ayisyen itilize pati nan kò yo pou yo kominike ak pale tout ko

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous