Bezwen pwezi

Yon mòso powèm pou Grann Manli

Pou Sarilia Renard ki pa la. pase li brize kè n. Absans ou senyen chak jou devan je nou. Souvni ou kite s on kantik etènèl ki chita nan lespri. Lanmou w se te pi bèl powèm lavi t ap di pou nou lè n t ap grandi Grann ! Ou te gen sèlman 9 van lè tè sa a ou te renmen anpil la te gentan ap kriye anba bòt fè meriken an 1915. Ou te gen 9 lane sèlman lè lokipasyon debake, etenn souf Pierre Sully, fè dappiyanp pou demen, krache sou souverènte kòmkidire 1804 pa dwe dire. Grann ! Alo Grann ! Alo grann Sarilia Renard ! Mwen se Alner Elidor pitit Eliette Sainvil. M vin pale avè w avèk yon kè plen tras tristès fanmi, zanmi poko ka sevre. Alo Grann Manli ! Ou fèt 8 jen 1924, lokalite Fwazon, 5èm seksyon komin Podepè. 26 me 2024 la ou deside pran boulva letènite avèk tout doulè w nan kè w pou peyi w k ap tann yon lòt fwa ankò bòt etranje. Kisa w pwal di Sadieu Renard ak Fanise Calixte, Jean Jacques Dessalines ak Capois La Mort lè pa gen veso lakay nou ankò pou n pare dlo je peyi nou an k ap priye, k ap kriye, k ap trepase anba je « peyi zanmi »…

Alner Elidor
Par Alner Elidor
14 juin 2024 | Lecture : 2 min.

ane apre ane w ap gade peyi a ki pwale

tankou yon fraz k ap disparèt lèt apre lèt

tankou lanpadè k ap kabicha sou gran chimen

jis fènwa kriye viktwa

grann! absans ou senyen chak jou anba je nou

souvni ou kite s on kantik san fen

k ap toke nòt nan lespri chak pitit

nan kè chak pititapitit

grann ! lanmou w se te pi bèl powèm lavi te di

pou nou lè n t ap grandi

e me

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.