Li gen pou jou
Jou a pa lwen
Lè li jou
N a di viv lajounen
Avèk yon bon odè
Kafe kreyòl
Ki netwaye lespri
Pou chase move zè
Lè li jou
Tonton Sam pa p ka takinen n
La resi kite nan m nou anpè
Tout mòde an trèt
Va pèdi vwa
Yo pa p ka di ni b ni c
Lè sa a n a kriye ansan m
Mèsi Papa Bondye
Nuit lan
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous