Entèvyou

Twoubadou Matwouba sou chemen pwezi kreyòl

Bò kote Tanbou - Literè, Konpayi Teyat Palto Vanyan, Twoubadou Matwouba fè pati gwoup atistik Akademi Kreyòl Ayisyen envite pou pèfòme nan kloti Mwa lang ak kilti kreyòl la k ap dewoule jedi 26 oktòb 2023 a, nan otèl Marriott, 10è pou rive midi. Alapapòt evènman sila a, nou gen plezi rankontre majòjon Twoubadou Matwouba a, Guy Marie Lafleur, pou yon ti koze defilannegiy sou gwoup la, pwojè yo genyen nan kouti, eksetera.

Le Nouvelliste (LN) : Pale nou de Twoubadou Matwouba, kontèks kreyasyon li, repètwa gwoup la, elatriye.

Guy Marie Lafleur (GML): Dabò, kite m di Twoubadou Matwouba se yon gwoup ki pran nesans nan mwa janvye 2018 nan lakou Pòtoprens kote nou menm mizisyen ki fòme gwoup la te fin pèfòme nan yon anivèsè. Chalè ak emosyon piblik la pa t kite n endiferan apre. Se konsa, kèk jou apre nou deside fonde gwoup twoubadou sila a nou re

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous