AKA

Akademi Kreyòl Ayisyen onore twa manm enstitisyon an nan lansman mwa kreyòl

Adeline Magloire Chancy, Pauris Jean – Baptiste, Pierre Michel Chéry se non twa (3) akademisyen, twa pèsonalite kreyolis Akademi Kreyòl Ayisyen onore vandredi 6 oktòb 2023 a nan kad lansman ofisyèl mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl, nan otèl Le Plaza. Akademisyen yo resevwa onè sila a alafwa pou angajman yo devlope depi digdantan an favè lang kreyòl epi pou bon jan kontribisyon yo nan vansman yon enstitisyon yo fè pati l depi kreyasyon l an 2014, daprè esplikasyon akademisyen Clotaire Saint – Natus ki t ap prezide seremoni omaj la. Nan seremoni ochan sa a, Adeline Chancy, 92 zan, manm fondatè mwa kreyòl nan Monreyal, resevwa egalman tit Akademisyèn emerit.

Twa akademisyen, twa modèl angajman kreyolis, twa pakou enspiran

Si akademisyen Pauris Jean – Baptiste ak akademisyen Pierre Michel Chéry trennen dèyè yo repitasyon ekriven kreyolofòn solid ki pwodui plizyè woman enpòtan nan lang natif natal la, bò kote pa li, nou jwenn akademisyèn Adeline Chancy sitou kòm feminis, kòm kreyolis militan nan peyi etranje kou an Ayiti nan batay pou lang kreyòl jwenn plas li kòmsadw

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous