Bezwen pwezi

De bò goch

Malèz egzistansyèl, militans, denonsyasyon, avilisman, imaj kousiprann fè kenken nan “De bò goch”, powèm flèv sa a Jean Baptiste Anivince te pilibye nan lane 2014 (nan mitan rèy Minista), nan Editions Choucoune, kite konnen yon bèl siksè. Yonn nan pwen fò liv sa a se plas li kreye pou n li nanm yon powèt ki santi li about e sitou enpuisan devan kalamite souverènte ak diyite peyi l k ap senyen anba bòt lokipasyon degize. 9 ane apre piblikasyon tèks sa a, gen yon pawòl lokipasyon degize ankò k ap fè wounouwounou nan peyi. Le Nouvelliste envite w (re) dekouvri kèk pasaj nan De bò goch.  

Jean Baptiste Anivince
18 juil. 2023 — Lecture : 2 min.
De bò goch

Artisanat d'art

Gonayiv

kan minista pichkannen limyè

 sou tèt zansèt yo

souverènte n

ran larim marasa k ap fè kous

van plenyen nan twòkèt fèy

m kriye mezi vil ki nan tèt mwen

manman ! ki kote pou m lage m

lè peyi a kouri dèyè m

raj emoraji

sa minista ap fè la a

souverènte n ti kwa nan simityè

san mèt<

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous