Di nou ki mò ki manje inosan Leta
lè Inivèsite a tounen mòg pou tere ideyoloji mas
k ap dòmi sou fatra
di nou nan ki bwa laprès jouke
lè kadav timoun tounen flè
ki ekspoze nan mize tribòbabò
lontan sa pwezi n blese
nou pa wè san l
kalfou tifou pa bay moun fou jòf ankò
kalfou tifou se kalfou san
sanginè
san sal
lontan sa bal pa pete
bay revandikasyon etidyan santi
sou beton
kalfou rezista
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
