Entèvyou

Sanba Zele kinalaganach pou lakilti

Vivan, zele, fò, briyan, inovan, konfyan, konbatan, optimis, pozitif, tout yon bèl rekòt adjektif byen bòzò disponib pou n kalifye Konpayi teyat Sanba Zele (SZ) k ap selebre ane 2022 a 10 zan kreyasyon l nan vil Pòdepè. Responsab Sanba Zele yo klè sou sa: evolye kòm twoup teyat nan yon Depatman ki pòv nan sa ki gen pou wè ak ensfrastrikti kiltirèl (tankou tout rès peyi a dayè), egziste menm nan yon sosyete kote lakilti se malerezman yonn nan sektè Leta chwazi trete pi raz, s on mirak. E, malgre sa, Sanba Zele kanpe kinalaganach, depi yon deseni, pou pote kontribisyon pa l nan kenbe lakilti vivan nan vil imòtèl Kapwa Lamò a, nan Depatman Nòdwès… Le Nouvelliste te gen anpil plezi rankontre Johnsley Bertho, yonn nan majòjon bèl pwojè sila a. 

Jean Baptiste Anivince
Par Jean Baptiste Anivince
11 oct. 2022 | Lecture : 7 min.

Le Nouvelliste (LN): Antanke manm fondatè, ou nan bèl pwojè sila a depi lè li nan estad anbriyon. Pale nou de Sanba Zele, kontèks kreyasyon, elatriye.

Johnsley Bertho (JB): Sanba Zele fonde nan dat 5 novanm 2012 nan lakou « Alliance Française » Pòdepè.  Alepòk gwoup la te fonde ak 4 jenn gason: Jean-Ribert Dominique FILS-AIME, Johnsley BERTHO, DERVICE Luckny ak Steeve LUBIN. Koulè nou se vè. Anblèm nou se tanbou epi deviz nou se « Linyon, travay ak pwogrè ». Nan kòmansman, nou te fòme yon senp twoup

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous