Besoin de poème

Kote lanmou fè nich

Pou Brianca Loveliette, fanm mwen travèse pou m al wè kote lanmou fè nich ou vini nan rèv mwen tankou 2 branch lanmou lanmè woule m sou plaj ou ou fè kim anmezi m ap ranmase w ou fonn nan mwen tankou solèy nan vè kleren cheri kite m travèse paradi w yo di m tout ou menm se fondasyon lanmou si syèl, zetwal ak tout sa ki ekzite yo kanpe se gras a ou kite m manyen longè rèv mwen souple m anvi plonje nan basen kò w fè lanavèt sou chak branch pwèl ou m anvi tòtòt 2 grenn mango sou kò w nan mango goch ou m anvi kapte dlo dous timanmi Brianca kite m mete lakansyèl nan bòk bote w .

Dou’z
Par Dou’z
11 août 2022 | Lecture : 1 min.

Pou Brianca Loveliette,

fanm mwen travèse pou m al wè kote lanmou fè nich

ou vini nan rèv mwen

tankou 2 branch lanmou

lanmè woule m sou plaj ou

ou fè kim

anmezi m ap ranmase w

ou fonn nan mwen

tankou solèy nan vè kleren

cheri

kite m travèse paradi w

yo di m tout ou menm

se fondasyon lanmou

si syèl, zetwal ak tout sa

ki ekzite yo kanpe

se gras a ou

kite m manyen longè rèv mwen

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.