Besoin de poème

Tout pitit piti lè papa pati

Pou papa m Anervé Jean Baptiste ki ale pou lannuit pa zongle zetwal mwen ou pa janm kite rèv mwen debwode toujou g on degouden ou sere pou demen pa seche papa men pitit ou wi ! m ap mande w ki doulè ki chire laj ou konbyen galaksi konbyen chagren konbyen absans ou janbe pou jamè m pa janm wè w ? papa men pitit ou wi yon chan k ap kalbende sou po silans ak yon pwomès ki dekoud nan mitan papa! di m non konbyen fraz ki pran pàn nan sa w t anvi di ou pa gen tan di lanmou w wouze laj mwen pou m grandi ou moutre m travèse traka san trase kata ou moutre m bay lanmò filmòl pou letènite m pa sòti mèg domaj lavi se bouji k ap fè larim papa men pitit ou wi mwen la nan absans ou ap fè laplanch tankou dlo je te powèm pou lanmò fou tout pitit piti lè papa pati vwa w k ap fè lanavèt nan tèt mwen se moso lorizon m pou m pare vwayaj mwen si l koule dezòmè m abite sa w abitye di  o papa m ! pou nuit blanch ou travèse pou pitit lanmò te dwe konnen kat fèy planch p ap sifi pou w ekri sakrifis .

Jean Baptiste Anivince
Par Jean Baptiste Anivince
16 déc. 2021 | Lecture : 2 min.

Pou papa m Anervé Jean Baptiste ki ale

pou lannuit pa zongle zetwal mwen

ou pa janm kite rèv mwen debwode

toujou g on degouden ou sere

pou demen pa seche

papa men pitit ou wi !

m ap mande w ki doulè ki chire laj ou

konbyen galaksi

konbyen chagren

konbyen absans ou janbe

pou jamè m pa janm wè w ?

papa men pitit ou wi

yon chan k ap kalbende sou po silans

ak yon pwomès ki dekoud nan mitan

papa!

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous