Bonè fè m filalang

Bonè fè m filalang Li parèt tèt li nan fèy bwa yo k ap flote Nan plimaj zwazo yo k ap vole Nan lam rivyè yo k ap koule.

Egbert Personnat
06 déc. 2021 — Lecture : 2 min.
Bonè fè m filalang

undefined
Photo : undefined

Bonè fè m filalang

Li parèt tèt li nan fèy bwa yo k ap flote

Nan plimaj zwazo yo k ap vole

Nan lam rivyè yo k ap koule.

Bonè fè m filalang

Li parèt tèt li nan rivaj

Lamè a, nan chache tras pye nan sab nan plaj

Ki fè w sonje bonjan lanmitaj

Lè lavi p at sovaj.

Bonè fè m filalang

Lè l ap taye banda nan tèt bèl mòn

Nan bon tan, san siklòn,

Ap souri bay zetwal k ap chase fè nwa

Le swa

Pou ti moun k ap

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous