Gran Sid p ap grandi pou sa

Nou fè vi nou ap fè laviwonndede ak lonbraj nou nan pòch Pou anyen Pete gwo kout ri nan revèy Tankou Pòtoprens fin di dènye mo pa li deja Ebaw ! Atè m ta woule pou nou Nou fè vi nou ap fè tchyas lanmè tribòbabò Fouye gwo twou nan sa demen sere pou timoun Epi de men nou s on kiyè bwa ki sere tout plent nan fon kè l Mezanmi Nan operasyon don sou don an Toujou sonje 12 janvye 2010 pa te janm wè Clinton ak tout madanm li nan rèv la ak letènite nan pla men l Se pou sa Nou rekonstwi peyi a fètefouni Ti kle monte Ti kle desann Diven se dlo Milya se larim Lannuit bat bravo pou tout zetwal ki pran peyi a pou vaz pise Nou di ochan pou tout lalin ki pran n daso tou Nou bat bravo pou tout gwo wòch ki pote siyati manman yo nan fè zewo tounen nèf Mezanmi 9 milya s on kaka aran wi ki pèdi fren sou lang nou wi Sonje pa gen sèman nan sezon malè pandye Si Clinton alèz bò falèz nou konsa Konnen Bondje prete kle silans nou M p ap prete okenn fraz tranblemanntè tranzite Pou dayè chen konnen ki ri jòn solèy bay lè latè ap gouye anba pye nou Nou fè tankou nou bliye depi lè lari fin antre nan foli nou tout pwomès se lafimen Antouka Larivyè k ap pote CIRH la s on rigòl pise ki pran nesans nan sèvo prezidan Kisa pou gran Sid ta ka tann ankò Si n fè kopi kole bèl mèvèy ONG dekapotab yo Si n founi je gade mirak CIRH fè nan yon vil pye atè janm louvri Si fè temwanyaj tout sakrifis minis ak chèf Leta Tanpri souple apre Pa masakre powèm ki fè n wè boulva Kat Chimen p ap souse yon mant nan lavantozanchè vil Okay Nan absidite planifikatè malè nou gran Sid p ap fè eyap menm Epitou Depi kilè solèy ak Loksidan te konn gen konpasyon mezanmi Boutofen Zafè tout powèt ki pa gen tan wè si vil Okay ak tokay li yo pran nan zizirit.

Iléus PAPILLON
02 sept. 2021 — Lecture : 2 min.
Gran Sid p ap grandi pou sa

undefined
Photo : undefined

Nou fè vi nou ap fè laviwonndede ak lonbraj nou nan pòch

Pou anyen

Pete gwo kout ri nan revèy

Tankou Pòtoprens fin di dènye mo pa li deja

Ebaw !

Atè m ta woule pou nou

Nou fè vi nou ap fè tchyas lanmè tribòbabò

Fouye gwo twou nan sa demen sere pou timoun

Epi de men nou s on kiyè bwa ki sere tout plent nan fon kè l

Mezanmi

Nan operasyon don sou don an

Toujou sonje

12 janvye 2010 pa te janm wè Clinton ak tout madanm li nan

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous