Besoin de poème

Tout ri se rèl

Katòz dawou 8 è nan maten solèy la poko fin souke kò l sekous sou sekous tè a tranble tout beton vire tonbe mòtye moun fè kay tounen tonm    chak fwa latè tranble se tranche mò pran plas vivan sinistre tout ri se rèl pèp ap jwe marèl nan de kan se pa fay ki fè n fè fayit men flay pye Leta n ap fè siy delakwa je fèmen devan ONG k ap met flè sou flèv epi n ap pale de omaj soulèvman mwa dawout pa fèt ak wa maj si vè te ka bloke van nan vi n m t ap ekri san p(w)oz .

Isaac Volcy
25 août 2021 — Lecture : 1 min.
Tout ri se rèl

Destruction

Katòz dawou 8 è nan maten

solèy la poko fin souke kò l

sekous sou sekous

tè a tranble

tout beton vire tonbe

mòtye moun fè kay tounen tonm   

chak fwa latè tranble se tranche

mò pran plas vivan sinistre

tout ri se rèl

pèp ap jwe marèl nan de kan

se pa fay ki fè n fè fayit

men flay pye Leta

n ap fè siy delakwa je fèmen

devan ONG k ap met flè sou flèv

epi n ap pale de omaj

soulèvm

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous