Omaj a Doktè Ernst Mirville, AKA Pyè Banbou

Doktè Ernst Mirville, AKA Pyè Banbou, fè gran vwayaj la. Li te fèt sou tè dAyti yon 31 jiyè 1940. Li retounen al jwenn zansèt li yo 7 jen 2021. Jou vwayaj la li te Paviyon Laj Dò sou wout Frè. Doktè Ernst Mirville se te yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen an. Li te batay anpil nan akademi an pou lang kreyòl la byen layite nan langaj pale menm jan ak ekri nan liv. Pauris Jean-Baptiste, otè « 3èm kout flach sou 303 pwovèb Ayiti », manm AKA, ap rann yon omaj a kokenn chenn pitit dAyiti ki fè vwèl pou peyi san chapo.

Publié le 2021-06-10 | lenouvelliste.com

Ak Pauris Jean-Baptiste

An 1940, ane Elie Lescot moute opouvwa kòm prezidan Ayiti, yon madanm pouse yon bout ti gason met atè nan lakou Pòtoprens. Ti tonton an byen potle. Li djanm kou yon bon bout yanm ginen nan peyi lakay anm. Lavi di ti tchovi a ann ale. Li pa di li jouk ki kote l ap mennen li.  

Men ti tonton an pa gen lechwa. Li tonbe sib lavi pye pou pye. Misye rale, li kanpe fè bèl, yon pa, de pa. Li mache, li kouri, li dangoye jan li kapab nan boulva lavi a. Soti nan kanson kout tonbe nan kanson long. Peripesi isit, lakilbit nan geto pwennfèpa. Bon tan, move tan pase, yo ploye pye banbou a, men li reziste. Li rete kanpe kin. Li pa janm sispann dangoye, malgre tout defi lavi anndan isitkay. Epi jodi a, li la, li prezan anchè, annòs devan nou. Se privilèj pa m, se jwa kinannm pou m prezante nou li : Doktè Ernst MIRVILLE, Pyè Banbou, non vanyan li.

SOSYETE KOUKOUY

bay

PRI LENGWISTIK LI A

POTE NON

PYÈ BANBOU.

Wi, li merite l vre. Ankò tou jenn pòy, bonè bonè, Ernst Mirville patisipe nan divès asosyasyon kiltirèl ki angaje yo fon nan fè pwomosyon kilti popilè ayisyen an. Tèleka paregzanp : Sosyete nasyonal Ar dramatik, Gwoupman nasyonal alfabetizasyon ak fòmasyon, Koral Kè Simidò, Mouvman Teyat Ouvriye, Inyon Entèsendikal dAyiti, Klib Koukouy, Lanbi Klib, elatriye.

Nan ane 1965, doktè Mirville mete li ak lòt jèn parèy li, yo lanse Mouvman Kreyòl. Inisyativ ki pral kondi Pyè Banbou nan prizon Fòdimanch sou pretèks etikèt kominis kote misye pase ra lanmò. Men kòm manm yon ekip zo bouke chen, pi devan, mouvman an pral rapousiv nan Emisyon Solèy, nan Sosyete Koukouy, nan Koleksyon Koukouy.

Apre Ernst Mirville fin diplome an medsin, li antreprann etid pòs inivèsitè li nan domèn psikyatri ak antwopoloji sosyal epi li rapousib nan etno psikoloji ak psikyatri transkiltirèl nan Inivèsite Monreyal.

Doktè Mirville fonde Enstiti Lengwistik Aplike Pòtoprens (I.L.A.P). Li te pwofesè nan Inivèsite Leta Ayiti, nan Lekòl nòmal Pòtoprens ak nan Lekòl nòmal Petyonvil.

Kanta pou pwodiksyon doktè Mirville an kreyòl ayisyen se pa pale. Li pibliye, ni an kreyòl, ni sou kreyòl. Yonn nan piblkasyon esansyèl li dapre mwen se BILTEN ENSTITI LENGISTIK APLIKE PÒTOPRENS 

Koute, pou m fini ak ti kozman an, sa doktè Mirville ekri nan prefas yon liv : 

« Jedi 27 desanm 1973, on kokenn chenn odyans te mare nan lakou legliz Sentrinite. Bri kouri, nouvèl gaye, bèl nouvèl : Madan Kreyòl met ba on premye pitit. On timoun byen doubout. On ti nonm ki fin chape. Gran ti bway nan lakou Plètil.

Premye pitit sila a se Kreyòl pale. Kreyòl nou tout pale, nou tout konprann. Kreyòl k ap koule dous nan bouch nou tout. W a di lwil doliv nan boutèy blan vandredi sen…Madan Kreyòl pa prese. Li pran tout tan li anvan pou li bay on dezyèm pitit. Timoun sila a fin fòme koulyeya. Li mande soti. Li nan pasay. Se nou tout natif natal, kouzen nan menm lakou, ki pou prete lamenfòt. Pou Madan Kreyòl fè erèz kouch nan akouchman dezyèm pitit li a : Kreyòl ekri, kreyòl nan liv.

Doktè Mirville, Pyè Banbou, ou te rete Fontamara. Se la, an avril 1974, ou te ekri pawòl sila a. Ou te fè yon rèv. Ou twouse manch plim ou pou ede reyalize rèv la. Ou ekri anpil kreyòl. Ou aprann anpil moun ekri kreyòl, Ayisyen kou etranje. Ou chache antre fon nan nannan lang lan. Ou fè sa avèk anpil tak, avèk pasyon, men san fouraye nan pyès koridò sans inik. Lang kreyòl, lang pòt prensipal ou, men ou louvri pòt ou debatan pou tout lòt lang ki alapòte ou. Yon pri Lengwistik ki pote non ou, vrèmanvre ou merite li. 

Mwen menm ak ou, nou sou woulib degi lavi. Pou konbe tan ankò ? Nou pa konnen. Enben, ann rapousib kata tanbou a byen fò, kontinye soufle banbou a. Ann pa bouke trase vèvè pou sa k ap vin dèyè yo ka wè pi byen devan yo. 

Onè respè pou ou, konpayèl.

Pauris Jean-Baptiste

Manm Akademi Kreyòl Ayisyen

Pauris Jean-Baptiste, Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen
Auteur


Réagir à cet article