Livres en folie

Bak Lakay, yon liv Garnel Michel

« Bak lakay, yon nasyon rich  k ap rele piti li yo », se yon rèl ki soti nan kè Garnel Michel. Nan liv sa a ki pibliye, nan Imprimerie Pro, lane 2021 an, otè a prezante lektè li yo vizyon l genyen pou peyi a. Nan liv sa ki genyen 8 chapit, Garnel montre kouman si dyaspora a tounen lakay li, jan tit la di l la, epi l mete konpetans nan sèvis peyi, Ayiti ap gen yon lòt vizaj nan yon ti bout tan.  Pou Dr. Garnel michel, devlopman Ayiti ap soti nan yon inisyativ patriyotik Ayisyen ki lòt bò dlo ap pran. Liv sa ap vann nan 27e edisyon Liv an foli k ap fèt an liy soti 31 me rive 13 jen 2021.

Elien Pierre
Par Elien Pierre
07 juin 2021 | Lecture : 2 min.

Garnel Michel kwè nan yon Ayiti tou nèf. Nan liv sa a Fred Brutus prefase, otè a tounen nan istwa ti bout tè sa, nan tan lontan, nan peryòd prekolobyèn, nan epòk Tayinòs yo t ap viv sou li. Li esplike kouman, premye abitan zile a, t ap viv avèk lanati, yo te renmen travay e yon te konn viv byen youn ak lòt. Sa ki raple li fratènite moun k ap viv an provens te genyen nan mitan yo. Li montre tou ki jan popilasyon ki jèn nan reprezante yon gwo avantaj pou peyi a. Jan yo toujou di a: jèn yo se avni peyi a.

Otè a fè nou konnen touris

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous