Bonel Auguste kriye “San”

Nan fen ane 2020 an, powèt Bonel Auguste pibliye «San» nan C3 Editions. Rekèy powèm sa, se yon rèl. Se rèl kè powèt la. Nan liv sa ki genyen anviwon 16 powèm, Bonel Auguste, eksprime kolè l ak fristrasyon l. Endiyasyon l ak tout emosyon l. Li mete deyò tout sa k ap brase bil anndan l. Li rele, li kriye pou san inosan k ap koule tribò babò.

Elien Pierre
Par Elien Pierre
10 févr. 2021 | Lecture : 2 min.

San an koule sanzatann

se pa san sanmanman

se san inosan

san koule nan pousyè blòk ak siman

 pou brase mòtye yon kay

 San fondasyon

 a la doulè pou manman pitit

k ap tande bri blese rèl lanmò pitit li  (p.11)

San koule san rete. San koule nan koridò, nan tout rigòl. San koule tankou lè bwadchenn ap desann nan Pòtoprens. San koule desann tonbe nan lanmè bisantnè. Li koule tout kote, anndan kou deyò. Anwo kou anba. Nan lari ak

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.