Pwa grate

Jou nou te kontre a zwazo nan bwa te tounen krèy chanpwèl pou fete desten nou Tan an te dous tankou ti bo banben k ap sèke foli anba tonèl inosans M te renmen w san kite rès san kè sote nan gòj pi wo pase batman kè m M te renmen w tou debraye san m pa t konnen sou ki fwontyè rèv nou ta ka bout Jou nou te kontre a zwazo nan bwa te kanpe an gadavou pou te salye lanati k ap mime bri kè n Lanmè te triye grenn sab tribòbabò pou bouche twou vid kò nou Van te fè reklam sou konfyolo n sou tout jou ki te pote sant nou sou tout pwezi m te taye sou mezi souri w Lanmou m pou ou se te pi bèl kantik nan bouch zanj s on kout bagèt ki t ap kole moso lalin mare anba je n s on powèm ki te bay lòt fanm kò kraze Poutan relijyon di m akokiye santiman m relijyon di m kò w se ma siklòn leta ap debat S on piman zwazo k ap fè bras nan je timoun aviyasyon Relijyon di m se legba k ap gide pousyè pye w nanpwen sen ki ka fè boutonye pou madigridji nanm ou nanpwen priyè ki ka pote komisyon souf ou Relijyon di m pa renmen w ou s on move kout zegwi nan woulèt wòb limanite .

Jessica NAZAIRE
Par Jessica NAZAIRE
23 déc. 2020 | Lecture : 2 min.

Jou nou te kontre a
zwazo nan bwa
te tounen krèy chanpwèl
pou fete desten nou

Tan an te dous
tankou ti bo banben
k ap sèke foli
anba tonèl inosans

M te renmen w san kite rès
san kè sote nan gòj
pi wo pase batman kè m

M te renmen w tou debraye
san m pa t konnen sou ki fwontyè
rèv nou ta ka bout

Jou nou te kontre a
zwazo nan bwa
te kanpe an gadavou
pou te salye lanati
k ap mime bri kè n

Lanmè te

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous