Lansman ofisyèl 2e edisyon Festival entènasyonal Literati kreyòl nan Cinémathèque Piment rouge

Li ofisyèl. Sinematèk Piment rouge, ki tabli nan zòn turgeau, te akeyi Jou mèkredi 2 desanm 2020 an, lansman ofisyèl 2e edisyon Festival entènasyonal Literati kreyòl la. Se devan yon piblik melanje, ki te genyen ladan pèsonalite piblik ak prive, Akademisyen, ekriven, powèt, elèv, jounalis, ke òganizatè yo te lanse 2e edisyon Festival la anba tèm : « Poukisa n ap fè literati?”. Se ekriven Jean Euphèle Milcé ki envite donè 2e edisyon sa.

Elien Pierre
Par Elien Pierre
03 déc. 2020 | Lecture : 2 min.

« Festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) pran nesans a pati yon konsta nou fè. Premye konsta a, Ayiti se pi gwo kominote kreyolofòn nan mond lan, ki fè Ayiti gen tout dwa, tout lejitimite pou l pran inisyativ sa. FEl se yon galri, yon platfòm, yon fenèt pou ekspoze tout zèv kreyòl kelkeswa kote kreyatè a ye, nou ba li galri, espas pou l fè pwomosyon pou zèv li », se te deklarasyon responsab kominikasyon Festival la Iléus Papillon.

Festival entènasyonal Literati kreyòl la ap deroule soti 2 pou rive 6 desanm 2020. P

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.