Bezwen powèm

Lakòl

Ak yon ti bo pachiman lang mwen tache nan tout kò l tankou yon timoun foubòk ki manje manje ranje m pase yon lannuit lespri balonnen depi jou sa a m lonnen nan pye tab lanmou w      *** vale m vale m sa fè lontan m pa wè 7 koulè m lonje dwèt sou ou vale m vale m m a rete nan tèt ou men m son fouchèt 5 dan m pwente l sou ou san sèl sansès vale m vale m m a rete nan tèt ou se nan bone w bonè m fè nich     *** depi yon pyebwa pèdi fèy lakomin gentan sispèk m p ap sèmante ni avwe m renmen w se pa tout koze ki pale nan bouch yon jou vè powèm nan va temwaye      *** nan peche zetwal syèl la blayi sou tèt nou gadon mèvèy Frank linivè gen twòp fenèt pito n pran de kout foli pase n pran kòd se pa nanm nou ki koupab     *** nou pa gen fòs ankò sèl fòs nou rete se fòs pèdi si n t ap plante grenn bwa nan plas tèt moun anba tè Ayiti t ap Amazoni    *** lannuit kou lajounen pa gen mòn ak lavil bal jwe nan tèt nou tankou ti plim poul kavalye n se lonbraj mò n     *** kilès ki pa konn Jòj san fè estera powèt la mache fè chema ak lang li sou papye simen atè depi se pyeton ki foule beton an pile krache l    *** o Lewa  papa si w mòde lang ou se mwen k site non w ou travèse men mak pye w rete menmsi pèsonn pa konnen konbyen fwa zong ou kase nan pèse wout fè chimen nan mitan yon touf chendan o Lewa  papa si w mòde lang ou se mwen k site non w ou travèse men mak pye w rete tankou senksan mach eskalye      *** isit ak laba tankou 2 grenn je k ap vwayaje ansanm youn pa wè lòt pa mande m pouki sa k ale pa tounen mistè lòt bò dlo se lwa rebèl li pa danse nan tèt okenn istwa pwen      *** pou m koud letènite m file lavi nan yon zegui san je lanmò pèd pasyans li pati kite m nan penitans lan Isaac Volcy, Prix Félix Morisseau Leroy de la poésie 2020 .

Le Nouvelliste
Par Le Nouvelliste
17 déc. 2020 | Lecture : 3 min.

Ak yon ti bo pachiman

lang mwen tache nan tout kò l

tankou yon timoun foubòk

ki manje manje ranje

m pase yon lannuit lespri balonnen

depi jou sa a

m lonnen nan pye tab lanmou w

     ***

vale m

vale m

sa fè lontan m pa wè 7 koulè

m lonje dwèt sou ou

vale m

vale m m a rete nan tèt ou

men m son fouchèt 5 dan

m pwente l sou ou

san sèl sansès

vale m

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.