Konfinmantal

Konfinmantalman m sòti Vin aplodi yon sivilzasyon K ap rakle nan pikèt Se manman yon bann ti kochon k manje santiman Nan po bannann bwè dlo manyòk Peyi Lejip temwen Bondye pot ko bondye Lagwa pa t pou piyay Konfinmantalman m vin pou kont Nan kafouyay brigan k ap tòde kou linosans Kraze sèvèl zele Niche baton an Tann mèt li Se remò k konn pri santans peyi yo piye yè pot chay san l pa konnen Maleng fè komès gal Kot lapriyè monte Rapid pichon tonbe Loray pa konn mizè doulè pyès pye palmis  Adye anblèm adye deviz Papa oumenm ki met konsyans Lagann pisans nan mòg  Moun klima chanje po Plis pase moul fo kòb yo Retire kò w Pou san pa vole sou ou San dout yo konnen Dessalines pat krabè okenn God yo trust Ni time ki money Ti koutay ki fèt nan vann moun pa lo Janmen! Yo envante kamera Pou filme lanmò Fè foto priz tè Sou lestomak nou Nanginen plenn vale soupi degobye rezon Gwòs lanmizèrikòd! Se klè Klate pa jou Nan rèv kolonize  Kot chak pèp ap priye Solèy li tèt anba lekòl s on fabrik ras san kolòn vètebral  Ti dife volan yo bay Pou demokrasi a Boule depi m maten avni lòm rapyetè sivilzasyon bann ti kochon Ki bwè dlo manyòk la Ap rakle nan pikèt lontan Peyi Lejip te mwen Bondye pot ko bondye Lagwa pa t pou piyay Nan konfinman pa m nan Silans pete pòt syèl Floyd l ap chèche Jeudinema Konfinmantalman Jen 2020 .

Jeudinema
Par Jeudinema
25 juin 2020 | Lecture : 2 min.


Konfinmantalman m sòti
Vin aplodi yon sivilzasyon
K ap rakle nan pikèt

Se manman yon
bann ti kochon
k manje santiman
Nan po bannann
bwè dlo manyòk

Peyi Lejip temwen
Bondye pot ko bondye
Lagwa pa t pou piyay


Konfinmantalman m vin pou kont
Nan kafouyay brigan k ap tòde
kou linosans
Kraze sèvèl zele
Niche baton an
Tann mèt li

Se remò k konn pri santans


CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.