N ap toufe 

« Apre sa, m ka bliye m te di » se yon tan refleksyon ekriven Faubert Bolivar kreye sou paj Facebook li, https://www.facebook.com/Beauliveart, depi anviwon 2 mwa. Nan espas sa a, li trete tout kalte sijè ki konsène Ayiti : sosyete, gang, timoun, elatriye. Premye nimewo a te parèt 12 avril, sa n pibliye jodi a se 9èm nimewo a, li se tou premye pati yon seri l ap fè sou kreyòl la. Letan jounal la pibliye tèks sa a, dezyèm pati a gen tan parèt sou paj Facebook ekriven an.

Faubert BOLIVAR
Par Faubert BOLIVAR
23 juin 2020 | Lecture : 7 min.

9) Apre sa, m ka bliye m te di (Premye pati) :

Si n vle wè kote peyi lòk, dekrete nan ane a yon jou pou tout moun pale fransè Ayiti. Anvan menm solèy midi klere, se rete n t ap rete gade yon seri kout rèl pati, Ayisiyen nan 4 kwen peyi a ki t ap rele : « N ap toufe ». Bagay la senp, nou pa pale fransè vre. Lang ou pale se lang ou bay souf, ki ba ou souf. Sèl lang ki jwe wòl sa a nan peyi a, se kreyòl. Si n pa ka di fransè se yon lang kadav nèt li ye pou nou, nou pa ka di l ap viv nan mitan nou non plis. Mwen te ka di fransè

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.