Besoin de poème

Souf mwen

Souf mwen se vòlkan ki leve san dife lav k ap bave lanmò sou dènye kri depi n wè m chita sou mwen kèpòpòz se letènite m m ap pase solèy rèl mwen m ap fè bèl doulè m m ap karese anvan l blese rapèl: m pa moute tan an ak moun m se neve letènite Jean Baptiste Anivince, .

Jean Baptiste Anivince
Par Jean Baptiste Anivince
25 mai 2020 | Lecture : 1 min.

Souf mwen se vòlkan ki leve san dife

lav k ap bave lanmò sou dènye kri

depi n wè m chita sou mwen kèpòpòz

se letènite m m ap pase solèy

rèl mwen m ap fè bèl

doulè m m ap karese anvan l blese

rapèl: m pa moute tan an ak moun

m se neve letènite

Jean Baptiste Anivince,

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous