De bò goch

epi m a di madi gen madichon m a di se rès maladi ki kaye sou po dat la bliye non l nan vil la dat la siyen non l sou vil mwen dat la friz sou lang mwen dat la fè twòp jou pa foure douz janvye nan powèm nan tande ! twòp bri twòp rèl pral souke powèm nan m a di m a di kwoke vil la je pot prèv mezi lapli ki te vle viv wotè chanmòt fè de bout douz janvye souke kò l doulè mòde tou wouj grann brijit bawon samdi fòskomin ak simityè bwè laj tou vèt chen manje laj tou vyèj syèl la se parachit mwen wi lè m ap sot nan mwen .

epi m a di madi gen madichon

m a di se rès maladi ki kaye sou po

dat la bliye non l nan vil la

dat la siyen non l sou vil mwen

dat la friz sou lang mwen

dat la fè twòp jou

pa foure

douz janvye nan powèm nan tande !

twòp bri twòp rèl pral souke powèm nan

m a di m a di kwoke vil la

je pot prèv mezi lapli ki te vle viv

wotè chanmòt fè de bout

douz janvye souke kò l

doulè mòde tou wouj

grann brijit b

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous