Yon ti chans pou Ayiti

Depi digdantan, nou t ap goumen kont lesklavaj Nou te fè tout kalte mouvman, menm lemawonaj Yo te konn sal pèsonalite n, frete n, touye n ak raj Ak linite, ak fòs, nan listwa n, nou te ekri yon si bèl paj Men, nan fè mètdam ak koken, nan refize viv nan pataj Depi aprè 1804 bato konsyans, diyite ak fòs nou fè nofraj Nan fon lanmè chirepit, vyolans ak lamizè fèmen Ayiti nan yon kaj Nou itilize anblèm linyon fè la fòs sèlman lè n ap fè dechoukaj Lè pou n bati peyi n, fè bon jan devlopman nou toujou alanaj Ki fè jouk jodi a y ap di epi trete n tankou yon pèp sovaj Koulyeya gade ki jan Ayiti sispann fè bak, li kase tèt tounen Li sispann mache tèt dwat, l ap mache agenou, mache trennen Kolòn vètebral li pliye, li pèdi fòs, li pa menm gen kouraj pou l plenyen Sitiyasyon l tèlman makawon, dejouanjou l ap bay kè plen Nou tèlman pase tout tan n ap batay youn kont lòt, ki pa janm bay anyen Nou pa menm gen imilite pou n di se fòt nou, men se atò n ap goumen Kilè na kite lanmou Bondye a anvayi kè n pou n sispann viv chen manje chen Kilè an Ayiti na aksepte epi deside ak senserite youn bay lòt lanmen Kote p ap gen moun ki paka manje menm twa jou pafwa, k ap trennen Pandan gen lòt moun k ap manje twa fwa pa jou, k ap byen mennen Kilè na sispann naje pou n sòti lè n toujou lanmè zigzani Lè n toujou kontinye ap fè bèl diskou pandan peyi a menm ap depafini Zodan mòn yo fin griyen, gwo inondasyon fèt pou nenpòt ti lapli Kote w pase se fatra ki se youn nan pi gwo imaj peyi a ap ofri Nan plas ti zwazo ki konn chante se gwo kout zam k ap detwi lavi Pandan n ap fè vyolans youn sou lòt nou di n ap defann Ayiti Alòske se zantray li k ap dechire, twòp san koule, twòp pitit li mouri Nan bay move egzanp nou konpòten kòmsi randevou n ak listwa fini Jodi a an n chèche chimen kalfou a pou n jwenn direksyon, nou pèdi Nou tèlman pèdi gade se letranje ka p mande n YON TI CHANS POU AYITI.

Osval Milfort
Tél.: 210-0779
Juin 2005
Par Osval Milfort Tél.: 210-0779 Juin 2005
23 août 2005 | Lecture : 2 min.
Depi digdantan, nou t ap goumen kont lesklavaj Nou te fè tout kalte mouvman, menm lemawonaj Yo te konn sal pèsonalite n, frete n, touye n ak raj Ak linite, ak fòs, nan listwa n, nou te ekri yon si bèl paj Men, nan fè mètdam ak koken, nan refize viv nan pataj Depi aprè 1804 bato konsyans, diyite ak fòs nou fè nofraj Nan fon lanmè chirepit, vyolans ak lamizè fèmen Ayiti nan yon kaj Nou itilize anblèm linyon fè la fòs sèlman lè n ap fè dechoukaj Lè pou n bati peyi n, fè bon jan devlopman nou toujou alanaj Ki fè jouk jodi a y ap di epi tre
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.