28 oktòb se Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl nan divès peyi kreyolofòn nan lemonn. Nan sans sa a, Akademi an di li chwazi tèm 2018 la yon mannyè pou li raple tout sosyete a, lang kreyòl la se lang ofisyèl peyi a ki dwe prezan nan tout aktivite nasyonal nan sosyete a. Im nasyonal ayisyen an, pyès teyat, lodyans makonnen ak chan epi dans tradisyonèl, resital tèks, se kèk nan aktivite sosyal ak kiltirèl ki te chofe Ciné Triomphe lan nan okazyon sila. Yon seremoni ki te mete aksan sou enpòtans lang manman genyen nan devlopman ekonomik, e